Byenveni nan Sant Aprantisaj Anba Kayimit
Sant Aprantisaj Anba Kayimit se yon inisyativ dijital ki fèt pou mete konesans, eksperyans ak zouti pratik a nan men chak moun — espesyalman peyizan, machann, jèn ak fanmi ki vle aprann, grandi epi kreye chanjman pozitif nan lavi yo.
Nou pa bezwen lokal fizik pou fè chanjman rive. Nou kwè nan fòs zouti senp, tankou telefòn entelijan ak fich pratik, pou ede w:
- Li ak ekri pi byen Vann sa w pwodwi
- Jere aktivite w
- Fè mizajou sou dwa w ak devwa w
- Devlope lide w kòm sitwayen ki angaje,
- ak lòt ankò...
Nou kwè: Lè ou aprann, ou ka leve tèt ou epi leve lòt moun tou. Sant la se pa yon lekòl klasik. Se yon espas aprantisaj popilè, kominotè, entèraktif, andragojik. Nou sèvi ak fich, odyo, ti videyo, imaj ak wonn refleksyon pou fè aprantisaj lan vin pi aksesib ak respekte eksperyans moun yo.