Ayiti pa gen modèl : yon gwo manti kolektif



Souvan nou tande: “Pa gen modèl pou jèn yo.” Men, reyalite a diferan. Anba Kayimit montre kijan modèl egziste, men yo souvan envizib, e kijan valorizasyon yo ka enspire yon jenerasyon.


Nan diskou piblik la an Ayiti, pawòl “pa gen modèl pou jèn yo” tounen yon refren kolektif. Lè moun ap repete li konsa, li sanble yon verite absoli. Men, èske se yon reyalite oswa yon mit defètis? Anba Kayimit pran pozisyon pou kwape lide sa a: modèl yo egziste, yo toujou la, men sosyete a pa rann yo vizib. Se nan pèspektiv sa a nou dwe poze kesyon: ki kalite modèl nou bezwen, e kijan nou ka mete yo an valè pou ede rebati sosyete Ayisyèn nan?



Modèl yo egziste, men yo pa vizib

Ann Ayiti, genyen anpil moun k ap travay nan silans: pwofesè ki kontinye anseye malgre difikilte, machann ki fè edikasyon fanmi yo ak diyite, antreprenè ki kreye opòtinite, atis ki pote mesaj konsyans pou tout yon nasyon ak lidè kominotè ki bati pwojè lokal. Yo pa toujou parèt nan jounal, men yo se egzanp vivan pou jenerasyon k ap vini an (Bandura, 1977). Pwoblèm nan, se pa absans modèl, men se pito absans vizibilite ak rekonesans (Gramsci, 1971).

Yon jenerasyon pa dwe tann, li dwe bati

Men lè refren “pa gen modèl” la ap repete san rete, li vin gen efè danjere. Pawòl sa a fè jèn yo kwè ke yo pa gen okenn egzanp pou swiv, e konsa li dekouraje menm moun ki ta ka vin modèl (Erikson, 1968). Se poutèt sa Anba Kayimit ensiste sou yon lòt verite: chak jenerasyon gen devwa pou l bati pwòp modèl li. Yon modèl, se pa nesesèman yon pèsonaj istorik; se ka nenpòt moun ki chwazi viv ak entegrite, pote solisyon, epi sèvi lòt moun (Parsons, 1951). Se la batay la kòmanse: pa tann, men se pran responsabilite pou vin limyè nan pwòp kominote w.

Valorizasyon modèl yo: yon zouti rekonstriksyon sosyal

Lè yon sosyete aprann rekonèt moun ki konstwi, li chanje dinamik kolektif la. Valorizasyon modèl yo ranfòse idantite nasyonal, paske li fè jenès la santi yo gen rasin ak fyète (Erikson, 1968). Men plis toujou, lè modèl sa yo vin vizib, yo enspire lòt jèn pou yo grandi ak vizyon, malgre tout difikilte yo rankontre (Bandura, 1977). Nan menm mouvman an, yo pèmèt nou chanje naratif/diskou defètis la, pou sispann mete an valè anti-modèl yo ki chita sou vyolans ak koripsyon, olye yo mete limyè sou moun k ap konstwi nan lonbraj san je sosyete a pa wè (Gramsci, 1971). Se konsa konfyans sosyal la rebati, solidarite retounen, epi imaj Ayiti ka reprann èskanp figi li devan lemond antye: "pa sèlman peyi kriz, men peyi rezilyans ak kreyativite" (Bourdieu, 1980; Coleman, 1988; Mead, 1934).


Egzanp modèl Ayisyen ki pote limyè

Si nou gade nan listwa nou, pa manke modèl, yo anpil. Catherine Flon te fè drapo a tounen senbòl diyite ak idantite, pandan Charlemagne Péralte rete kòm yon senbòl rezistans ak kouraj kont okipasyon. Nan domèn kiltirèl, Frankétienne leve vwa li kòm yon atis total, yon pilye rezistans kreyatif, pandan Raoul Peck sèvi ak sinema pou mete Ayiti sou kat mondyal la ak vizyon angaje li sou jistis sosyal. Anténor Firmin (nan memwa) – ekriven ak politisyen ki te defann egalite rasyal nan fen 19yèm syèk la.

Men, modèl yo pa rete sèlman nan listwa. Nan lavi chak jou, gen figi tankou Anne Marie Coriolan, feminis, militan kont vyolans sou fanm, fondatè Kay Fanm; oubyen Jean Rebel Dorcely, ki sèvi ak mizik pou edike jèn nan kominote popilè. Nou sonje tou eritaj Odette Roy Fombrun, ki ranfòse memwa kolektif la atravè travay pedagojik li yo; Alain Gilles, pwofesè ak lidè nan inovasyon syantifik ann Ayiti. Nan domèn espòtif, Sylvio Cator make listwa ak disiplin li ak reyalizasyon olenpik li yo; foutbolèz Melchie Dumornay se yon modèl enspirasyon ak talan, ki pote drapo Ayiti sou sèn entènasyonal la ak diyite. 
 Nou pa ka bliye Jean Anil Louis-Juste ki te yon pwòfesè inivèsite ak militan sosyal ki te batay pou edikasyon ak jistis nan peyi a. Li te yon figi respekte nan batay kont eksklizyon sosyal ak ekonomik, e li te pote yon vizyon pou yon Ayiti pi jis, pi egalitè. Tragikman, li te asasinen nan Pòtoprens an 2010, sa ki te soulve anpil emosyon nan mitan elèv li yo ak nan sosyete sivil la.Tout egzanp sa yo montre ke modèl pa manke; se chwa sosyete a ki detèmine si wi ou non yo vizib.



Se poutèt sa Anba Kayimit lanse yon apèl klè: ann sispann repete pawòl defètis “pa gen modèl pou jèn yo”. Pawòl sa a pa sèlman twonpe, men li kache tout egzanp vivan ki deja la. Olye de sa, nou dwe pran angajman pou rann modèl yo vizib, mete yo an valè, e sèvi ak yo kòm zouti edikasyon ak enspirasyon (Gramsci, 1971). Pi plis toujou, chak jèn ta dwe poze tèt li kesyon: “Kijan mwen menm ka vin modèl nan lavi m ak nan kominote m?” Paske lavni pa sèlman depann de egzanp ki te vini anvan, men tou de chwa chak moun k ap viv jodi a. 



Kesyon refleksyon

Eske li pa tan pou nou sispann kache modèl yo, e pito sèvi ak yo kòm sous enspirasyon pou jenès la? Kisa w panse si nou chwazi mete limyè sou modèl pozitif yo, èske nou pa ta ka ouvri yon nouvo chemen enspirasyon pou jenerasyon k ap vini yo?  

Mete sa nan nan kalbas tèt nou : Valorizasyon modèl nou yo se wout rekonstwui Ayiti.


Nòt sou piblikasyon

Atik sa a fè pati yon koleksyon espesyal sou rekonstriksyon sosyal Ayiti ki ap parèt nan Les Éditions Anba Kayimit. Travay sa yo gen objektif pou poze kesyon difisil, mete limyè sou reyalite yo, epi pwopoze chemen altènatif pou yon lòt Ayiti vin posib.


Bibliyografi

  • Bandura, A. (1977). Social Learning Theory. Englewood Cliffs, NJ: Prentice Hall.

  • Bourdieu, P. (1980). Le sens pratique. Paris: Éditions de Minuit.

  • Coleman, J. S. (1988). Social Capital in the Creation of Human Capital. American Journal of Sociology, 94, S95–S120.

  • Erikson, E. H. (1968). Identity: Youth and Crisis. New York: Norton.

  • Gramsci, A. (1971). Selections from the Prison Notebooks. New York: International Publishers.

  • Mead, G. H. (1934). Mind, Self, and Society. Chicago: University of Chicago Press.

  • Parsons, T. (1951). The Social System. Glencoe, IL: Free Press.