Ayiti/Mondial 2026 : Grenadye yo pare pou fè Brezil doute.

Si Grenadye yo te kapab kenbe boul la epi fè Ekòs soufri konsa, yo gen rezon pou antre sou teren an kont Brezil san okenn konplèks


Aprè yon premye match kote yo te kite yon bon enpresyon malgre defèt 1-0 kont Ekòs, Grenadye yo ap prepare pou youn nan pi gwo defi nan listwa resan foutbòl ayisyen an : yon rankont ak Brezil nan Koup di Mond FIFA 2026 la. Sou papye, anpil moun deja bay Brezil avantaj la. Se nòmal. Brezil se youn nan pi gwo non nan listwa foutbòl mondyal la. Men Koup di Mond lan pa jwe sou papye. Li jwe sou teren an.

E si premye match Ayiti a te montre yon bagay, se ke Grenadye yo pa vini nan Mondyal sa a pou fè bèl figi. Yo vini pou jwe, pou konpetisyon, epi pou fè mond lan respekte yo. Kounye a, kesyon an pa sèlman si Brezil kapab bat Ayiti. Men pito : èske Grenadye yo kapab fè Brezil doute ?


Pou nou reponn kesyon sa a, ann tounen sou premye match la kont Ekòs. Yon rankont ki te revele anpil bagay sou seleksyon ayisyèn nan. Malgre eksperyans advèsè a, Ayiti pa t janm sanble yon ekip ki pè oswa ki depase pa evènman an. Okontrè, Grenadye yo te montre disiplin, òganizasyon ak kalite teknik ki te fè anpil obsèvatè entènasyonal remake yo.

Anplis, èstatistik yo pale pou kont yo. Ayiti te fè plis chout pase Ekòs, li te gen menm pousantaj posesyon, epi li te montre yon pi bon kalite nan sikilasyon boul la. Pandan plizyè moman nan match la, se Ekòs ki te sanble ap chèche solisyon pou limite danje Ayiti t ap kreye.

Se poutèt sa youn moun pa dwe analize match kont Brezil la sèlman sou baz repitasyon de ekip yo. Se vre, Brezil rete favori a. Men Brezil sa a pa sanble ak yon ekip envensib. Premye match li kont Mawòk la fini sou yon match nil. Sa montre ke ekip la gen feblès ke Grenadye yo kapab eksplwate.

Pou Ayiti, objektif la pa nesesèman chanje fason ekip la jwe. Okontrè, Grenadye yo dwe kontinye fè sa ki te mache kont Ekòs la : rete òganize, jwe ak entansite, itilize vitès yo epi pwofite chak espas ki parèt.

Toutfwa gen yon aspè ki pral esansyèl : efikasite. Kont Ekòs, Ayiti te rive kreye okazyon men li pa t rive fini aksyon yo. Kont yon ekip tankou Brezil, kantite okazyon yo kapab pi limite. Chak opòtinite ap gen anpil valè ke yo pa dwe gaspiye.

Yon lòt rezon ki bay espwa se aparisyon nouvo lidè teknik nan ekip la. Providence, ki te youn nan jwè ki plis make lespri moun apre premye match la, montre ke Ayiti gen talan ki kapab fè diferans sou nenpòt teren.

An reyalite, sa ki pi enteresan nan rankont sa a se pa sèlman opozisyon ant Ayiti ak Brezil. Se opozisyon ant de fason moun wè foutbòl la. Yon bò, yon gwo puisans tradisyonèl ki gen plizyè tit mondyal. Yon lòt bò, yon ekip ki ap chèche ekri pwòp istwa pa li epi ki pa gen anyen pou pèdi.

Nan anpil gwo istwa espòtif, se sou kalite match sa yo sipriz yo fèt.


Kèlkeswa rezilta a, Grenadye yo deja montre yo gen plas yo nan pi gwo konpetisyon foutbòl sou latè. Match kont Brezil la reprezante yon nouvo opòtinite pou kontinye fè mond lan dekouvri yon lòt figi Ayiti : yon Ayiti ki konpetitif, ki disipline, ki talantye epi ki pa pè fè fas ak pi gwo defi yo.

Depi plis pase de syèk, pèp ayisyen an ap aprann viv ak obstak. Men chak jenerasyon jwenn yon fason pou kontinye avanse. Se menm lespri sa a nou wè lakay Grenadye yo jodi a.

Yo konnen misyon an difisil, Yo konnen Brezil se yon gwo mòn. Men yo konnen tou ke okenn match pa jwe davans. Aprè tout sa yo montre kont Ekòs, yon sèl kesyon rete : Èske Grenadye yo pare pou fè Brezil doute ?

Repons lan ap ekri sou teren an. Grenadye, alasooooo !