Seleksyon nasyonal lai pral jwe dènye match li nan faz gwoup Gold Cup 2025 lan kont Etazini jodi dimanch 22 jen 2025 la, a 7è nan aswè , nan stad AT&T nan TexasApre de premye match li yo, Ayiti sèlman gen yon sèl pwen. Sa vle di, si ekip la vle kontinye nan konpetisyon an, li oblije genyen match sa a. Sepandan, sitiyasyon an nan gwoup D a konplike anpil sa ki fè kalkil la pa fasil.
Nan moman an, Etazini gen sis pwen e li deja kalifye pou “ka de final”. Arabi Sawoudit gen twa pwen, pandan Ayiti ak Trinidad chak gen youn. Se sèlman de premye ekip yo nan chak gwoup ki gen dwa pase. Sa mete Ayiti nan yon pozisyon kote li dwe bat Etazini, epi li dwe konte sou rezilta lòt match la pou wè si li ka pase. Alòs kisa Ekip Ayiti a dwe fè ?
Pou Ayiti kalifye, li pa gen chwa: li dwe bat Etazini. Men sa pap sifi. Egalman, li dwe espere tou ke match Arabi Sawoudit kont Trinidad fini swa nan egalite, swa ak Trinidad ki ranpòte laviktwa a. Nan toude ka sa yo, Ayiti gen chans pou fini dezyèm nan gwoup la epi kontinye.
Sa ki parèt difisil la, Grenadye yoi pa ka jwe defans sèlman. Yo idwe chèche fè gòl bonè nan match la epi kenbe presyon sou selksyon Etazini a. Gen chans pou ameriken yo pa mete tout pi bon jwè yo, paske yo deja kalifye. Sa ta kapab yon avantaj pou Ayiti. Men pou sa mache, ekip la dwe byen jere mitan teren an, evite erè nan defans epi jwe ak disiplin.
Pou nou ka espere yon viktwa, nou dwe konte sou : Duckens Nazon ak Frantzdy Pierrot ki kapab pote menas serye nan pwent atak la. Gadyen Johny Placide gen eksperyans pou mete lòd dèyè a. Pou Stars and Stripes yo, gen jwè tankou Chris Richards ki kenbe defans la solid, epi Brandon Vazquez ki ka trè menasan nan atak.
Pwonostik yo bay Etazini favori ak yon pousantaj 61%. Pifò ekspè prevwa yon viktwa Etazini, pa egzanp, gen yon prediksyon ki bay USA 4 - 1 Ayiti. Men, Ayiti toujou gen kapasite pou siprann, espesyalman si yo jwe ak kè ak disiplin. Frantzdy Pierrot ap mennen atak Ayiti a, e li deja make nan twa edisyon Gold Cup diferan. Èske Ayiti ka mete tout fòs li pou bat USA e fè yon mirak, oswa èske nou deja pèdi konfyans apre rezilta ki pa t satisfè nan 2 premye match yo?