Nan kèk jou sèlman, je tout planèt la pral fikse sou Amerik di Nò. Koup di Mond FIFA 2026 la pral make yon nouvo chapit nan listwa foutbòl la. Se pou premye fwa, 48 seleksyon nasyonal pral patisipe nan konpetisyon an, pandan Etazini, Kanada ak Meksik ap akeyi plizye milyon fanatik ki soti toupatou sou latè. Edisyon sa kap tanmen 11 jyen pou bout 19 jiye 2026 la pwomèt pou l ekstraòdinè : Plis ekip, plis match, plis vil òganizatè ak plis emosyon. Pandan plizyè semèn, foutbòl pral rasanble pèp diferan kilti, diferan lang ak diferan istwa anba yon sèl pasyon. Pou Ayiti, Mondyal sa a gen yon siyifikasyon espesyal. Apre plizyè deseni ap tann, Grenadye yo retounen sou pi gwo sèn foutbòl mondyal la, yon evènman ki deja ranpli fanatik yo ak fyète ak espwa.
Yon Mondyal ki pral fè listwa
Depi premye Koup di Mond la an ki te fet nan lane 1930, konpetisyon an toujou evolye. Men edisyon 2026 la reprezante youn nan pi gwo transfòmasyon FIFA janm fè nan tounwa a. Avèk 48 ekip ak yon nouvo fòma konpetisyon, plis peyi ap jwenn chans pou montre talan yo devan mond lan. Chanjman sa a reflete devlopman foutbòl la sou tout kontinan yo epi louvri pòt pou nouvo istwa ak nouvo sipriz.
Pou premye fwa tou, twa peyi pral òganize menm Koup di Mond la ansanm. Etazini, Kanada ak Meksik pral tounen sant linivè foutbòl la pandan tout konpetisyon an.
Vil yo ak estad yo pare
Soti nan Mexico City rive New York, pase pa Toronto, Vancouver, Dallas, Miami ak Los Angeles, vil òganizatè yo deja pare pou akeyi dè milyon vizitè. Pami tout estad yo, Estadio Azteca nan Meksik rete youn nan pi lejand nan listwa foutbòl la. Se la Pelé te briye an 1970 epi Diego Maradona te make listwa an 1986. An 2026, estad sa a pral antre yon lòt fwa ankò nan memwa fanatik yo kòm youn nan gwo senbòl Mondyal la.
Ayiti retounen sou pi gwo sèn nan
Pou fanatik ayisyen yo, patisipasyon Ayiti nan Mondyal 2026 la se youn nan pi gwo nouvèl espòtif jenerasyon sa a. Retou Grenadye yo reprezante rezilta travay, detèminasyon ak rèv yon pèp ki pa janm sispann kwè nan ekip nasyonal li. Prezans drapo ayisyen an nan konpetisyon an pral pèmèt milyon Ayisyen atravè mond lan viv yon eksperyans inik epi sipòte peyi yo sou pi gwo sèn foutbòl mondyal la.
Ki ekip ki favori yo?
Tankou chak Koup di Mond, kestyon an rete menm bagay la: kiyès ki pral leve trofe a? Lafrans, Ajantin, Brezil, Espay, Almay ak Angletè pami ekip ki pi site yo. Men istwa Mondyal la montre ke foutbòl toujou gen kapasite pou siprann nou. An 2022, Maròk te ekri youn nan pi bèl paj nan listwa foutbòl afriken an. An 2026, yon lòt ekip kapab kreye sipriz la.
Yon kolaborasyon espesyal
Pou kouvèti espesyal Koup di Mond FIFA 2026 la, AnbaKayimit.media pral kolabore ak CapHaitienNews.com, yon medya ki te swiv avèk anpil enterè tout pakou kalifikasyon Grenadye yo. Kolaborasyon sa a pral pèmèt fanatik yo jwenn rezime match yo, analiz taktik yo, dosye espesyal sou ekip nasyonal la, prezantasyon vil ak estad yo, ansanm ak prediksyon ak reyaksyon pandan tout konpetisyon an. Objektif kole zepol sa se ofri yon kouvèti serye, pwofesyonèl ak pasyone pou tout fanatik foutbòl ayisyen yo.
Koup di Mond FIFA 2026 la pa sèlman yon konpetisyon espòtif. Li se yon selebrasyon mondyal ki rasanble pèp, kilti ak jenerasyon atravè yon pasyon komen. Pou Ayiti, evènman sa a reprezante yon moman fyète ak espwa. Pou fanatik foutbòl yo, li anonse plizyè semèn emosyon, sipriz ak gwo moman ki pral make listwa. Mondyal la pral kòmanse. Epi mond lan pare.
Pandan tout konpetisyon an, AnbaKayimit.media ak CapHaitienNews.com pral akonpaye w pou viv chak match, chak istwa ak chak emosyon.
Patisipe nan woumble sa ak nou : Kiyès ou panse ki pral chanpyon Koup di Mond FIFA 2026 la? Kite opinyon w nan kòmantè yo.
.jpg)